Atros de RockFam repond aux questions de "Info Fiable".

Tout moun konn Rock Fam Lame a yon group rap ki kanpe ak jenes peyia et jenes la kanpe avel tou, gen youn nan rape group sa ke tout moun renmen anpil li rele "Stevenson Telfort'' men tout moun konnen li sou nom "Atros'' anpil jen renmen li men gen anpil bagay yo pa konn de atis la. Nan sousi pou nou fe'w konn tout atis peyi a Info Fiable te fe yn ti chita pale ak Atros, An nou al konn plis de atis la.

I.F: Bonswa Atros Se yn plezi pou nou fe ti koze sa, sa kap fet? 
A.RF: Bien navan'm kòmanse pale, m'panse li tap enpòtan anpil poum remèsye tout staff InfoFiable la pou gwo opòtinite sa li ban mwen poum ka pale ak fanatik yo. Apresa, nou la nap travay trè seryeu la paske nou sanse prèske pa gen tan  anko ki rete sin vle reyalize rèv yo, paske nan fen ane a gen album Rockfam nan kap soti epi gen album solo pam nan kap soti le 11 septanm li gen pou tit verite nan manti, mw espere ke piblik la ap byen akeyi pwojè m' nan se yon pwojè a karaktè sosyal kap akonpanye de yon liv kap pote menm tit avek album nan.



I.F: Tout moun konn Atros men di nou, kisa ou renmen fe le Rock fam la pap jwe donk nan tan libre ou?
A.RF: Sensèman m' panse Rockfam , poum pa di mizik, okipe preske tout tanm. Sim pa nan aktivite Rockfam mw nan aktivite pam e travay mw yo mandem anpil tan paske liy mwen pran an mw konsyan ke se yon liy ki pap gen twòp moun kap kouri dèyèl paske anpil ki malad pa janm vle aksèpte le se nan tèt yo malad e ke yo ta supoze swiv yon ti terapi pou yo ka konprann reyalite maladi yo a, album mw an se terapi sa li ye menm. Malgre tout travay sa yo sa pa vle di kem pa gen yon ti tan lib poum rekreyem, mw pase ti tan sou net la anpil epi apresa mw bay mennaj mw rès tan an. Mw vle soulinye pou lektè yo kem  pa ni bwè ni fimen se youn nan rezon ki fè kem pa konn soti al nan program.


I.F: Ki pi bon souvni ou gen ak Rock Fam?
A.RF: Monchè sensèman mwen gen anpil bon souvni wi, mw gen premye patisipasyon nou nan kanaval channmas, premye patisipasyon nou nan festival endepandans lan miami, patisipasyon nan premye edisyon festival Rap'rocher a se la Rockfam te fè premye konesans li ak gran piblik la, mw sonje nou te jwe nan yon konsè entènansyonal nan American Air Lines Arena a yon show ki live sou preske 5 rezo entenasyonal Bet, Vh1, MTV etc..., gen yon bagay chak fwa sonje l' mwen toujou souri mw sonje yon lè nou fè moun mibalè ap danse anba lapli labou nan yon program digicel te fè menm blan ki pa konn anyen nan rap kreyol tap danse nan labou a.


I.F: Et ki pi move souvni ou ak group la?
A.RF: Pou move souvni yo mw pa vle konsidere yo franchman kòm move souvni paske moun ki optimis yo gen kapasite pou transfòme eksperyans ki ka parèt pluzoumwen negatif yo men kòm ou mandem site pou wou map site kèk kanmenm. Mw sonje an 2008 gen yon depite Wanament ki te manke lage nou nan falèz mòn pilboro, an 2012 pandan nap sot jwe yon program nan sid avan nou pran Aken gen yon bal pèdu ki travèse retwovizè bus la, an 2011 nou te gen 2 manm nan group la ki te pran gwo kouran nan kanaval okay.

I.F: Eske sa rive'w deja pou tande yn mizik pou di poukisa mw pat panse ak suje sa avan?
A.RF: Wi sa rivem souvan nan dènye mizik sa te rivem nan se "Ayiti Se de Mikaben" 

I.F: Eske sa rive deja pou wap jwe epi pou we yn fi nan pwogram nan ke ou anvi pase yn moman avel?
A.RF: Ase souvan.


I.F: Si ou ta ret 24h tan pou viv kisa ou tap fe?
A.RF: Repanti.


I.F: Si'w ta gen pouvwa pou chanje mond lan sa'w tap chanje?
A.RF: Mw tap chanje konsepsyon moun yo.  Petèt lè sa moun tap bay moun plis enpòtans.


I.F: Si jamais ou ta gen yon jounen pou fe yon bagay ilegal ki premye bagay ou tap fe?
A.RF: Mwen tap vòlè lajan moun ki rich yo poum te distribye bay pòv yo sitou timoun yo.


I.F: Ki moun ki pi inpotan nan vi'w?
A.RF: Anjeneral mwen bay tout moun ki te pase oubyen ki ankò nan vim enpòtans ke yo merite a,  sa depann de moun nan kounyeya pou l' chwazi si l' yon rejè oubyen yon po flè.  Men apa se 3 pitit mw yo mw bay plis enpòtans. Se youn nan rezon ki fèm chwazi viv yon fason pou yo ka toujou fyè de mwen.


I.F: Ki group rap ou we ki ka remplase Rock Fam demain?
A.RF: Monchè mw pa vle pèsòn pran sa m' di a mal men m'pa kwè gen okenn group ki la ki ka ranplase ROCKFAM paske ROCKFAM inik gen dwa gen youn ki vini ki fè plis bagay pase nou wi men m'pa kwè gen omwen youn nan yo kap ka reyisi kote nou reyisi an.


I.F: Ki neg ou we ki ka renplase'w nan Rap la?
A.RF: Fòk mw ta triye anpil e byen triye paske majorite MC mw wè ki la yo,  yo tou bezwen fè hit sa vle di yo prè pou yo fè e pou yo di nenpòt bagay pou yo ta fè hit poutan mwen menm mw pa konsa mw se yon atis ki angaje.

I.F: Et si Rock Fam pat ekziste et ou pat mizisyen fanatik ki group ou tap ye?
A.RF: Mwen pa tap fanatik okenn group.


I.F: Si ou ta gen posiblite pou repare yon ere kew te fe ki ere li tap ye?
A.RF: Mwen tap fè tout sak posib poum te fè tout pitit mw yo ak yon sèl manman.


I.F: Eske ou satisfe de rap la jodia?
A.RF: Pas tout à fait.


I.F: Mesi anpil Atros se te yon plezi, men avan nou fini Ki mesaj wap voye pou tout fanatik Info Fiable kap li interview sa?
A.RF: Plezi a se pou mwen li ye InfoFiable mèsi ankò pou opòtinite sa ou banm poum te fè ti pale sa ak lektè/lektris yo. Mesaj pa chanje se toujou menm bagay la respè youn pou lòt lapè ak lanmou...


Mesi anpil ak ou menm ki te pran tan ou pou li ti Interview sa rete konekte ak Info Fiable le reseau officiel de l'information culturelle haitienne.

  
                                          www.Facebook.com/InfoFiable
                                                      (509) 4791 8925  













Commentaires